visualizaciones de letras 15

La Vi Yon Flè

Beethova Obas

La vi yon flè, s’on’w vi’k frajil
Lanmò pou li pa difisil
Solèy twò cho, yon gwo gout dlo
Epi’l kagou, l’kage sou do
Wo, wo, wo, wo
Yon flè, yon flè konn bouke viv
Lò l’al fleri bò yon gildiv
Si’l bwè kleren, si’l tou grangou
Si’l fè lanmou pandan’l tou sou
Pandan’l tou sou

Wo
Yon flè, yon flè konn pote kwi’l
Jouk sou fontyè anba gwo fil
Li vann tout vi’l, pou’l janbe dlo
Lò pa gen vi nan Sibawo
Wo, wo, wo, lwop, po, lo, po
La vi yon flè konn yon lekzil
Lò li twò sèl, lò’l lwen peyi’l
Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo
Nan twou sobwe bò Chicago
Bò Chicago

Wo, wo, wo, wo, wo
La vi yon flè konn yon lekzil
Lò li twò sèl, lò’l lwen peyi’l
Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo
Nan twou sobwe bò Chicago
Lò pa gen vi nan Sibawo
Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo
Jouk sou fontyè anba gwo fil
L’al pote kwi’l anba lavil
La vi yon flè, s’on’w vi’k frajil


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Beethova Obas y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección