visualizaciones de letras 1

Manje Bliye

Beethova Obas

M’ouvri radyo’m pou’m konn sa k’ap pase
Lib tribun yon peyizan k’ap pale
Wi mesye se vre m’pa yon save
S’oun peyizan mwen ye men m’ka di sa m’panse

M’pat al lekòl, m’pa konn pale franse
Men pitit mwen pap pase sa m’andire
Se sa’k fè m’pa janm pè brave danje
Lekòl nan bouk la mesye se sa m’vinn mande

Dechoukay pran’m nan lari sèt janvye
Matisan m’rankontre’oun bann dechouke
Manchèt, baton, galèt, pèp la pap jwe
Fèt atansyon monchè gad jan ti pyè pase

Moun kouvri’m machinn sa fò’n fouye’l
M’soti tèt mwen pou’m mande sa’k pase
Gen’oun moun ki di mesye pa gen danje
Se beethova lage’l nou mèt kite’l ale

An’n sispann manje manje bliye
An’n sispann pran kou nan men sanzave
Bay kou bliye men pote mak sonje
Sonje sa’k fèt jodi rann demen san danje

Y’a sispann fè’n pran dakoun pou swa
Fè’n bay lapure san’n pa manje pwa
Sonje ekri sa nan papye listwa


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Beethova Obas y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección