visualizaciones de letras 4

Manman Yle

Beethova Obas

Gen lè tout jan m’vire Washington pi rèd nan fifty one mwen
Bill mwen sou dole, tout voum mwen sou do’l moun sa yo nan dengwann mwen
Kay manman yle m’prale
Mwen bezwen’oun moun pou’m pale
Ki kote ou ye roger?
Tanpri, pran men’m mennen’m ale
Kay manman yle
S’oun lina pou ti Paris, yon jeanne pou brassens, alice pou mwen
Tout vi’l se rann sévis, tonèl li la pou tout sa’k gan bezwen
Lò m’rive anba tonèl m’ap jwenn yon moun pou’m pale
Lò’m rive anba tonèl m’a santi mwen soulaje
Roger mennen’m anba tonèl la (2 fwa)
Lè m’rive anba tonèl la m’a jwen yon moun pou’m pale
Lè’m rive anba tonèl la m ‘a santi mwen soulaje
Kay manman yle

Yon ti van fre, lanmè a tou pre, mwen bliye tout devenn mwen
Bal kennedy, diri Miami, pépé k’ap bare wout mwen
Lò m’rive anba tonèl m’ap jwenn yon moun pou’m pale
Lò’m rive anba tonèl m’a santi mwen soulaje
Roger mennen’m anba tonèl la (2 fwa)
Lè m’rive anba tonèl la manman yle va chante
Lè’m rive anba tonèl la m ‘a tande’l k’ap fredone
Se sèl kote touman’m, tout lapenn mwen nwaye
M a rele roger, tanpri, pran men’m mennen’m ale


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Beethova Obas y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección