
Traka
Beethova Obas
An’n fè’oun ti panche sou: Les quatre éléments
Yo te la anvan tout’ sa’k kwè yo pi gran
Ou voye dlo sou nou, lè nou pran dife
Jou’n tounen pousyè, w’a wè jan van leve
Al mande lavi sa ki pi enpòtan
Avan w’al twoke’l pou’w ka tounen granpanpan
An nou pa boukante lavi’n pou lajan
La vie n’a pas de prix: mache sou pye a’w!
Se dlo mwen ye mwen pa pè dife
Mwen se lawouze, m'fè jaden pouse
Pinga bare chimen mwen trase
M'ka debòde, m'ka menm inonde
Si anwo'm seche, anba'm byen mouye
Konn sa w'ap pile pou'w pa tonbe nan traka
Youn pa dwe fè lòt tonbe nan traka.
Sa'k di m'se van, m'pot nouvèl pou yo
Yo di an avan m'fè flote drapo
Tout sa'k vole, m'pote yo sou do
Yon soufle, m’marye polèn yo
Deyò m'se tè, andan m'se dife
Konn jan w'ap fouye pou'w pa tonbe traka
Youn pa dwe fè lòt tonbe nan traka



Comentarios
Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra
Forma parte de esta comunidad
Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Beethova Obas y explora más allá de las letras.
Conoce a Letras AcademyRevisa nuestra guía de uso para hacer comentarios.
¿Enviar a la central de preguntas?
Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.
Comprende mejor con esta clase: