visualizaciones de letras 3

Twoubadou

Beethova Obas

Oun maléré, oun twoubadou
K-ap pwomennen, simen lanmou
Ak oun bandyo, oun pè tanbou
Oun zanmi-l ap souflé banbou

Anvan li jou, li sou pòtay
Oun mouchwa blé, oun chapo pay
Li lavé jé-l ak lawouzé
Sé li-k fòsé solèy lévé

Oun gous tabak, oun gout kafé
Ak oun chanté, li dérapé
Pèsonn pa konn koté-l rété
Li tankou-w la mann ki tonbé
Kou-w tandé solèy pral kouché
Sé nan-w zétwal li al kaché
Li filé, volatilizé
L-al konpoz-on-w pi bèl chanté

Youn ti kadè, li Kwabosal
Chak flanm solèy ki sòt nan vwa-l
Gonflé ponyèt sa k-ap pot chay
Fè réfléri sa-k pap travay

Sé vwa-l ou tandé k-ap monté
Nan kè tout pòv bò Katrédal
Sé pa-l ou santi k-ap pasé
Kou-w bann a pyé nan kannaval

Oun gous tabak, oun gout kafé
Ak oun chanté, li dérapé
Pèsonn pa konn koté-l rété
Li tankou-w la mann ki tonbé
Kou-w tandé solèy pral kouché
Sé nan-w zétwal li al kaché
Li filé, volatilizé
L-al konpoz-on-w pi bèl chanté


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Beethova Obas y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección