visualizaciones de letras 1

Ye swa m’pa dòmi
M’tande’oun bal pati
Malveyan yo pran lari

Yon rafal, yon kri
Gen yon fanm ki di
Pitit fi’m nan mezanmi

Malfini fin anvayi nou
Ekzòd la kole nan deng nou
Pa bon depòte, bon yo ale

Al’oun bèl tifi
Pot tout sa ki ni
Pou yo pa fè zak sou li

Yo pa tann minwi
Li mèt gwo midi
Peguy-ville, menm sou gran-ri

Pitit fi’m nan pa nan zen nou
Men kòf lajan, men bwat bijou
Pran sa’n vle men pinga’n manyen li

Yè swa m’pa dòmi
M’viv yon trajedi
Yon man man ak pitit li

Peyi’m nan kouvri
Ak labou sou li
Fòk gen’oun dlo’k pou lave li

Dòmi ak zam anba tèt ou
Lavi’a san lè pèdi gou
Tout sa’n vle men tanpri ba’l lavi


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Beethova Obas y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección