
Ki Mele'm
Gabel
Lè'm finn janbe lizè lanmou
Yo pral fèmen baryè
M'tande tout vwa k'ap pale
K'ap di'w pa de bonne race
Poutan yo pa konnen si lanmou pa kite tras
M'pap okipe pyès moun
Nan jipon'w mwen vle kroke oh oh
S'ak pa vle (ki mele'm)
Se tande ya tande (m'ap marye)
S'ak pa vle (ki mele'm)
Se gade ya gade (m'ap marye)
Tout fanmi, zanmi f'on sèl
Pou chante on sèl koral (fanm sa mare'w)
San yo pa pran tan pou wè
Lanmou'n pa a loral (sa pa nòmal)
Se mwen ak ou ki konnen kisa nou vle bati (bebe)
Pou ou mwen prè pou'm pati, pran bato al Chili
S'ak pa vle (ki mele'm)
Se tande ya tande (m'ap marye)
S'ak pa vle (ki mele'm)
Se gade ya gade (m'ap marye)
Oh oh oh oh oh oh
Yo pa renmen'w, ki te mele'm
Yo pa renmen'w, ki te mele'm
Yo pa renmen'w, ki te mele'm
(Yo pral sezi wè nou)
Yo pral sezi wè nou k'ap vyeyi ansanm
(N'ap chanpyon sou yo)
Wi se wè ya wè nou, se wè ya wè nou la
(Yo pral sezi wè nou)
Yo pral sezi wè pitit nou k'ap grandi
(N'ap chanpyon sou yo)
Men nou chanpyon deja ah ah
Oh oh oh oh oh oh
Yo pa renmen'w, ki te mele'm
Yo pa renmen'w, ki te mele'm
Yo pa renmen'w, ki te mele'm
Yo pral sezi wè nou
N'ap chanpyon sou yo
Yo pral sezi wè nou
N'ap chanpyon sou yo
S'ak pa vle (ki mele'm)
Se tande ya tande (m'ap marye)



Comentarios
Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra
Forma parte de esta comunidad
Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Gabel y explora más allá de las letras.
Conoce a Letras AcademyRevisa nuestra guía de uso para hacer comentarios.
¿Enviar a la central de preguntas?
Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.
Comprende mejor con esta clase: