visualizaciones de letras 24

Pito'n Kite

Gabel

Mwen renmen'w, ou renmen'm
Men dèfwa renmen lòt pa sufi
Si vi nou tou de mizerab
Pito'n kite sa, avan'l finn twò ta
Lè'm chita m'ap gade
Mwen wè pa gen lanmou
Se tèt nou n'ap detwi
Si nou tou lè de ap viv mal
Pito'n kite sa, avan'l finn twò ta

Olye n'ap fè komsi kè'n kontan
An'n di sa fini
La vie continue
M'pat swete'l
Ni w'pat nou pa vle pou'n kite
Men kounyea n'kwaze
Fas a fas ak reyalite

Tout istwa ki komanse
Bèl ou pa, vle pa vle l'ap fini
Mwen menm ave'w te toujou panse
N'ap rete ansanm jouk souf nou koupe

Olye n'ap fè komsi kè'n kontan
An'n di sa fini
La vie continue
M'pat swete'l
Ni w'pat nou pa vle pou'n kite
Men kounyea n'kwaze
Fas a fas ak reyalite

Lè bourik bouke pa fose'l
Si'l pa vle mache pa fwete'l
Lè'w monte do'l l'ap jete'w
Cheri pito'n kite
Lè bourik bouke pa fose'l
Si'l pa vle mache pa fwete'l
Pi devan l'ap kite'w
Cheri pito'n kite

Pito'n kite tan pou'n kriye wo
Kraz'on kite sa
Lanmou pa konsa
Pito nou fè sa
Tan pou'n jwe ak sa
Si n'pa kite ka gen lanmò wo
Nou pa janm dakò
Pa sou menm akò
Tan pou'n gen remò
Pito nou chak f'on bò

Lè bourik bouke pa fose'l
Si'l pa vle mache pa fwete'l
Lè'w monte do'l l'ap jete'w
Cheri pito'n kite
Lè bourik bouke pa fose'l
Si'l pa vle mache pa fwete'l
Pi devan l'ap kite'w
Cheri pito'n kite

Pito'n kite tan pou'n kriye wo
Kraz'on kite sa
Lanmou pa konsa
Pito nou fè sa
Tan pou'n jwe ak sa
Si n'pa kite ka gen lanmò wo
Nou pa janm dakò
Pa sou menm akò
Tan pou'n gen remò
Pito nou chak f'on bò

Cheri an'n poze
Tan pou n'ap viv ak dlo nan je
Ann kite
Cheri an'n poze
Tan pou n'ap viv ak dlo nan je
Ann kite

Olye n'ap fè komsi kè'n kontan
Ann di sa fini
La vie continue
M'pat swete'l
Ni w'pat nou pa vle pou'n kite
Men kounyea n'kwaze
Fas a fas ak reyalite


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Gabel y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección