
Linyon
John Steve Brunache
Men tanbou si w tande ransanble yo souple
Gen lontan n separe tanpri fe n jwenn rasin o
Mmm, mmm, mmm, mmm
Men tanbou si w tande ransanble yo souple
Gen lontan n separe tanpri fe n jwenn rasin o
Mmm, mmm, mmm, mmm
Men tanbou si w tande ransanble yo souple
Gen lontan n separe tanpri fe n jwenn rasin o
Mmm, mmm, mmm, mmm
Wo yo yo, yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo oooy
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Sa fè lontan depi yo separe nou
Depi lè nou te kite tè Lafrik o
Lè kolon pran nou mare tankou bèt
Pou yo te fè nou kwè ke nou pa sanble
Pou yo te fè nou kwè ke nou san valè
Se pa vre nan Ginen nèg te trayi nèg
Se pawòl pou yo fè nou ret divize
Pou pa janm gen renmen pou pa gen linyon
Sa fè lontan depi yo separe nou
Divize nou pou yo ka toujou renye
Jodia nou konpran n e nou jire
Jodia nou konpran n e nou jire
Si nou la sèke nou sanble
Si nou sanble sèke n ka renmen
Nan renmen na va jwenn linyon, woy!
Linyon va di sa nou ye sou latè
Linyon va di sa nou ye sou latè
Linyon va di sa nou ye
[Moun nan peyi a, valè yo, bote yo, lasyans, zèv atistik yo
Eritaj kiltirèl yo nan sivilizasyon yo, se sa ki yon nasyon
Lanmou, linyon ki makònen lavi nan sosyete nou, sekirite ak
Lajistis ak respè dwa lavi, timoun yo, granmou yo
Se sa ki fè yon nasyon, yon nasyon, yon nasyon]
Tout gason tout fanm peyi dayiti
Fòk nou kanpe kale je nou gade solèy
Tout granmoun ak jenn moun nan peyi a
Fòk nou kanpe pou n reklame tout dwa nou
Jire pou nou toujou kale je nou nan je tout moun
Jire pou nou toujou renmen pou n toujou gen linyon
Jodia nou konpran n e nou jire
Jodia nou konpran n e nou jire
Si nou la sèke nou sanble
Si nou sanble sèke n ka renmen
Nan renmen na va jwenn linyon, woy!
Linyon va di sa nou ye sou latè
Linyon va di sa nou ye sou latè
Linyon va di sa nou ye
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e



Comentarios
Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra
Forma parte de esta comunidad
Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de John Steve Brunache y explora más allá de las letras.
Conoce a Letras AcademyRevisa nuestra guía de uso para hacer comentarios.
¿Enviar a la central de preguntas?
Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.
Comprende mejor con esta clase: