
La Relèv
John Steve Brunache
Gade kisa egzòd fè lakay mwen
Gade kiyès batey pran lakay mwen
Gade kisa egzòd fè lakay mwen
Gade kiyès batey pran lakay mwen
Nèg Ayisyen gason vanyan yo
Nèg Nago Gaga, nèg Ginen yo
Nèg Ayisyen gason vanyan yo
Nèg Nago Gaga, nèg Ginen yo
Kilès k'a ede m chante
Kilès k'a ede m sakle
Kilès k'a ede m plante
Ki va ede mwen rekòlte
Anye anye, anye anye, anye anye
Anye anye, anye anye, anye anye
Anye anye, anye anye, anye anye
Anye anye, anye anye, anye anye
Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa
Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa
Kilès k'a ede m rache diri
Kilès k'a ede m kase mayi
Avèk ki m'a va al nan sori
Avèk ki m'a va al nan kòve
Kilès k'a ede m keyi kafe
Kilès k'a ede m simen pitimi
Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa
Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa
Sa fè nanm mwen g'on sanglo wo
Ki sanble Yanvalou lan dlo
Ou pa wè nanm yo g'on fòlklò wo ki sanble ak kilti pèp la
Pa tande kè yo g'on tanbou wo ki bat tankou tanbou vodou
Tim-tim bwa chèch kilès k'ap vin pran la relèv
Pou la kilti ka leve tèt
Si egzòd vin rasanbleman wo, braceros va tounen kay manman
Tim-tim bwa chèch kilès k'ap vin pran la relèv
Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa
Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa
Tim-tim bwa chèch kilès k'ap vin pran la relèv
Pou met Ayiti kanpe woy
Anye anye, anye anye, anye anye
Anye anye, anye anye, anye anye
Anye anye, anye anye, anye anye
Anye anye, anye anye, anye anye



Comentarios
Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra
Forma parte de esta comunidad
Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de John Steve Brunache y explora más allá de las letras.
Conoce a Letras AcademyRevisa nuestra guía de uso para hacer comentarios.
¿Enviar a la central de preguntas?
Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.
Comprende mejor con esta clase: