visualizaciones de letras 15

Ou Pa Merite Mwen (feat. Roody Roodboy)

Shishie

Yo yo
Hey
It's Roody Roodboy

Pouki se lè m pa la ou konn enpòtans mwen
Poutan lè m te avèw ou pat banm chans mwen
M pa kapab ankò m repran plas mwen
Pa vin di'm anyen

Ou pa janm sispann fè dlo kouri nan je mwen mwen bouke
Ou pa bezwen vin dim anyen mwen pap tande'w ou mèt ale

Ale ki bò
Ou kòmanse kraze moral mwen
Depi yon fwa lè yo te dim yo te kwaze'w yon fwa nan epid'or
Silans
Ou mache sou zantray mwen
M te chwazi padone'w paske m te kwè ke lanmou pi fò

Chak swa ou soti ak zanmi'w pandan se tan ou kite'm nan on vie kay ap tann ou
Ou fè lòt fanm ap rele'm Tisina
Chak weekend w'al boule lajan nan pisina

Valè babye m konnen m babye ou pa janm chanje - oh ou oh ou oh
Valè pale m konnen m pale ou pa janm chanje - oh ou oh ou oh
Ou mèt pale ou mèt sote depi ou wè m ale m ale nèt
Ale ale ale ou mèt ale
Ou sèmante devan Bondye ou pap chanje si se pou mwen ou mèt ale net
Ale ale ale ou mèt ale

Hey Shishie wi Roody
Poukisa nou pa pran tann pou'n pale pito
Pou youn konprann lòt, youn padone lòt
N ban tèt nou on lòt chans
Ou menm?

Plede fè lòt fanm ap griyen dan sou mwen
M pa kwè wap jwenn youn kap ka ranplase mwen
Jan'w aji fè fanmiw pa respekte mwen
Kilè wap konn valè'm

Ou pa janm sispann fè dlo kouri nan je mwen mwen bouke
Ou pa bezwen vin dim anyen mwen pap tande'w ou mèt ale

M poko prèt pou'm ale ou poko pale
Ou poko di'm kiyes ou konn al rele nan entènèt la
Wap pran pòz fache mande anraje
Ou poko dim kiyes wap plede bay jwe nan jwèt la
Facebook problem
Bbm problem
WhatsApp problem
Viber problem

Kisa w te vlem fè pandan ou pa sispann jwe ak kèm

Valè babye m konnen m babye ou pa janm chanje - oh ou oh ou oh
Valè pale m konnen m pale ou pa janm chanje - oh ou oh ou oh
Ou mèt pale ou mèt sote depi ou wè m ale m ale nèt
Ale ale ale ou mèt ale
Ou sèmante devan Bondye ou pap chanje si se pou mwen ou mèt ale net
Ale ale ale ou mèt ale

Ohh
Ou pa merite mwen
Ohh
Ou pa merite'm tou


Comentarios

Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra

0 / 500

Forma parte  de esta comunidad 

Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Shishie y explora más allá de las letras.

Conoce a Letras Academy

¿Enviar a la central de preguntas?

Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.

Comprende mejor con esta clase:

0 / 500

Opciones de selección