
Menm Si
Tayoo
Menm si tout bagay efase
Si soley lalin mare fache
Tankou demen si jodi ta neyan
Nan fon labim lanmou n ap ret tache
Si pa gen vwa pou pale ni zorey pou koute
Devan manti si rezon chwazi koube
Menm si arogans pran plas tanpri souple
M'ap kontinye renmen w kwe mwen si ou vle
Si lanati deside l' chwazi pa fè bon tan
E si kochma pran plas rèv si adan pat konn sa k ève
Mwen avew tap ret entak
Menm si tout bagay disparet, oh babe
Menm si pat gen cheri, pat gen bae, pat gen doudou
Menm si pat gen ti mo dous pou te fè kè nou vibre
Menm si pat gen m renmen w ni je t’aime, ni I love you
Lanmou mwen menm avek ou tap toujou egziste
Menm si syel yo pa gen zetwal ankò
Menm si m pata gen yon gout san nan kòm
Menm si mond sa fatigue avek nou, uoh uoh babe
W'ap rete pi bel pwezi m
Bouchon danmijann ki mezi m
E si lanmò ta vle pran ou ave w m'ap fon jan m lye vi m
Si monde lan pa gen dlo, w'ap ka bwe tout sa k nan kò m
E si lanmò pran plas lavi, m'ap avew nan tombo
Menm si pat gen cheri, pat gen bae, pat gen doudou
Menm si pat gen ti mo dous pou te fè kè nou vibre
Menm si pat gen m renmen w ni je t’aime, ni I love you
Lanmou mwen menm avek ou tap toujou egziste
Menm si pat gen cheri, pat gen bae, pat gen doudou
Menm si pat gen ti mo dous pou te fè kè nou vibre
Menm si pat gen m renmen w ni je t’aime, ni I love you
Lanmou mwen menm avek ou tap toujou egziste
Ou tap toujou egziste
Lanmou nou, oh babe



Comentarios
Envía preguntas, explicaciones y curiosidades sobre la letra
Forma parte de esta comunidad
Haz preguntas sobre idiomas, interactúa con más fans de Tayoo y explora más allá de las letras.
Conoce a Letras AcademyRevisa nuestra guía de uso para hacer comentarios.
¿Enviar a la central de preguntas?
Tus preguntas podrán ser contestadas por profesores y alumnos de la plataforma.
Comprende mejor con esta clase: